| |
|
NOUVO TARIF AN VIGÈ KOUMANSE LENDI 1YE JEN 2009
Tri-Rail pral ogmante tariff yo pa 25% pou TOUT kalite tikèt yo (ki gen ladann tikèt Pwogram rabè pou anplwayè) koumanse lendi 1ye jen 2009. Tarif avèk rabè pou etidyan, senyò ki gen omwens 65kan, moun ki andikape ak detantè kat Medicare ap kontinye benefisye rabè mwatye pri sou nouvo tarif la.
N ap kontinye aksepte tout tikèt pou 12 deplasman ki te deja achte (selon ansyen tarif yo) anvan 1ye jen 2009.
Nouvo tarif mansyèl tikèt yo pral aplike pou tout tikèt mansyèl (ki gen ladan’l tikèt pou pwogram rabè pou anplwaye) nan machin ki vann tikèt yo koumanse 25 me pou tout deplasman ki fèt apati 1ye jen 2009. Nouvo tarif mansyèl la pral aplike tou pou tout tikèt gouvènman an sibvansyone yo te kòmande anvan 10 me.
Klike la pou kapab gade Nouvo lis tarif la.
|